Accessibility links

Breaking News

Platfòm Devlopman Altènatif La Gen Dout Yon Gwo Rezilta Ka Sòti nan Somè Punta Cana a, R.D


Komisyon Entèrimè pou Rekonstriksyon Ayiti a genyen nan tèt li, premye minis Jean-Max Bellerive ak ansyen prezidan Etazini, William Jefferson (Bill) Clinton, plis divès reprezantan peyi kap ede Ayiti

Ekonomis ayisyen, Camille Chalmers, lidè Platfòm Ayisyen Pou Devlopman Altènatif (PADA), eksprime doutans somè Punta Cana, premye ak de jen an, nan Republik Dominikèn, ap sòti ak yon gwo rezilta. Rezon a, selon Misye Chalmers "Plan Rekonstriksyon Ayiti a pat byen chapante e sektè esansyèl yo pat pran pa nan pwosesis ki debouche sou kreasyon li". Li deklare se yon siy ki montre "kanpe lwen" ki genyen (pou sèten sektè) nan mouvman rekontriksyon Ayiti a pran jarèt. Pou Chalmers Plan Rekonstriksyon an se yon ranfòsman "ekslizyon an" kidonk "kanpe lwen an" ( yon tradiksyon sal redaksyon nou nan Sèvis Kreyòl la. Komisyon Entèrimè pou Rekonstriksyon Ayiti a genyen nan tèt li, premye minis Jean-Max Bellerive ak ansyen prezidan Etazini, William Jefferson (Bill) Clinton, plis divès reprezantan peyi kap ede Ayiti---yon prezans ki pwovoke anpil pale anpil nan plizyè sektè sosyete ayisyen an.

Korespondan Renan Toussaint te ranmase deklarasyon lidè PADA a. Klike sou ikòn MP3 a, anwo e adwat paj wòb la kote ki make koute deklarasyon Camille Chalmers la nan yon repòtaj Renan Toussaint.

Men reprezantan sektè prive a, Doktè Réginald Boulos, prezidan Chanm Komès ak Endistri Ayiti e manm Komisyon Rekonstriksyon an antanke reprezantan sektè prive a, rejte kritik k'ap di "yo pa entegre lòt sektè peyi a nan nan chwa priyorite yo" alòske nan Komisyon an genyen pouvwa jidisyè a, Kolektivite Teritoryal yo (CASEC) Sektè Sendikal la, Sektè Prive a elatriye. Misye Boulos di kreasyon Komisyon Entèrimè pou Rekonstriksyon Ayiti a se repons 2 (prensip) deziderata: volonte donatè yo pou gen transparans nan fason kòb yo bay la ap depanse ak volonte ayisyen yo pou peyi a genyen dwa sou desizyon devlopman li.

Misye Boulos fè deklarasyon sa a pandan li t'ap reponn kesyon kèk jounalis ayisyen apre somè Punta Cana a. Pou plis detay, klike sou ikòn MP3 ki make deklarasyon Réginald Boulous la.

XS
SM
MD
LG