Accessibility links

Breaking News

Plan Lafrans ak Lalmay pou Rezoud Kriz Ekonomik la ann Ewòp


Angela Merkel ak Nicolas Sarkozy
Angela Merkel ak Nicolas Sarkozy

Lidè peyi Lafrans ak Lalmay fè konnen, anvan mwa oktòb la fini, yo pral prezante yon plan pou estabilize Zòn Ewo a kap travèse yon gwo kriz ekonomik. Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, ak Chanselye alman an, Angela Merkel, rive jwenn yon antant sou plan sa a anvan yon somè enpòtan Gwoup G-20-an gen pou li fè nan mwa novanm an.

Nan yon konferans pou laprès 2 lidè yo bay nan Bèlen Misye Sarkozy di yo rive antann yo sou mwayen pou yo anpeche kriz la gaye nan tou lè 17 eta manm Inyon Ewòp la –sètadi 17 peyi ki itilize “euro” kòm lajan yo.

Dènye bank ki viktim kriz ekonomik la se yon enstitisyon bankè fanko-bèlj ki rele DEXIA. Gouvènman peyi Lafrans, La Bèljik ak Luxembourg rive jwenn yon antant dimanch 9 oktòb 2011 la pou yo likide bank la.

Misye Sarkozy te pwofite pale de dispozisyon gouvènman peyi-manm Unyon an (sitou otorite fransè ak alman) ap pran pou yo mete dènye touch nan yon plan-sekou ki pral evite peyi Lagrès kriye fayit; paske, san sa, li pa ta ka peye dèt li.

Kriz ekonomik ki frape kèk eta manm fèb nan Unyon an --tankou Lagrès ak Pòtigal-- ak bank ewopeyèn ki te prete yo lajan, se yon kriz ki bay gwo kè-sote non sèlman ann Ewòp, men lòt kote tou. Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse yon apèl prese bay ewopeyen yo pou l mande yo prepare kèk plan pou yo rezoud kriz la anvan yon somè enpòtan Gwoup G-20 an ki fikse pou kòmansman mwa Novanm nan.

XS
SM
MD
LG