Accessibility links

Breaking News

Pirat Somali Yo Rete Yon Menas Pou Kago Enténasyonal Yo


Yon nouvo rapò fè konnen pirat Somali yo rete yon menas pou kago enténasyonal yo malgre efò la marin nan lemond antye ap deplwaye.

Biwo maritim Entènasyonal di ke pirat somali yo responsab pou apepré 44% nan prèske 300 ensidan piratri ke yo rapòte nan le mond antye ant mwa janvye ak mwa septanm pase a.

Rapò Biwo maritim entènasyonal la publiye lendi 18 oktòb 2010 la di tou ke Pirat Somali yo responsab tou pou 35 nan 39 detounman ki fèt pandan mènm peryòd la.

XS
SM
MD
LG