Yon frè George Floyd, ki rele Philonise Floyd, lanse bay manm Kongrè Lezetazini an, nan jounen mèkredi 10 jen 2020 an, yon apèl kote li mande yo vote yon lejislasyon ki va mete yon fren nan pratik kote lapolis itilize lafòs kont sitwayen sivil yo. Misye Floyd lanse apèl sa a nan non defen frè li pandan yon seyans depozisyon sou refòm nan polis nasyonal la ki dewoule sou Kapitòl la, pi presizeman devan manm Komisyon Afè Jidisyè Chanm Depite a.
George Floyd te mouri nan dat 25 me pase a apre polisye Derek Chauvin te peze jenou l sou kou defen an pandan preske 9 minit e li te kontinye peze menm lè viktim nan t ap rele “manman” e li t ap di tou li pa t kapab respire. Yon video ki montre ensidan an te pwovoke mouvman pwotestayon toupatou Ozetazini kote manifestan yo t ap reklame refòm- nan lapolis.
Nan seyans depozisyon an, Philonise Floyd di palmantè yo, antwòt:
<< Mwen pa kapab di nou ki kalte soufrans yon moun santi lè w ap gade yon video konsa… lè w ap gade pwòp frè w, pwòp gran frè w k ap mouri konsa, alòske se li ki te sèvi w kòm model pandan tout vi ou. Li mouri padan l tap rele “manman”… Mwen santi m fatige. Mwen fatige atò anba tout doul è m santi kounyela a; mwen fatige anba soufrans m santi chak fwa yon lòt moun nwa pèdi lavi li san rezon. Mwen prezante isit la pou m mande nou mete yon fren nan bagay sa a. Mete yon fren nan soufrans sa a. >>
Komisyon an te tande tou depozisyon sè yon ajan Sèvis Federal pou Pwoteksyon Sivil, Dave Patrick Underwood, ki te mouri anba bal nan manitestasyon chaje vyolans ki te dewoule nan vil Oakland, Eta Kalifòni, apre lanmò George Floyd la. Non sè a se Angela Underwood Jacobs, ki di manm komisyon an li nesesè pou otorite peyi a itilize mwayen pasifik pou yo jwenn yon solisyon pou britalite lapolis avèk enjistis rasyal.