Accessibility links

Breaking News

Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an Bay Lavwadlamerik Reyaksyon l sou Dosye TPS pou Imigran Ayisyen yo


Sekretè Deta Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly pandan li tap pale nan Lamezon Blanch. Foto: 2 me 2017
Sekretè Deta Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly pandan li tap pale nan Lamezon Blanch. Foto: 2 me 2017

Nan yon repons imel Depatman Sekirite Teritoryal la voye bay Lavwadlamerik, li fè konnen poko gen desizyon ki pran sou dosye renouvèlman TPS pou imigran ayisyen yo. Dapre nòt la, se direktè Depatman Sekirite Teritoryal la, John Kelly, ki gen pou l pran dènye desizyon an. Tout fwa, Mesye kelly poko fè sa a. Sepandan, li mande ofisye imigrasyon yo pou bali detay pou li kapab konprann fonksyonnman pwogram Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) , pou n site menm nòt la.

Avoka imigrasyon Philip Berns nan dat 9 me 2017 la di li enkyè poutèt desizyon Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladawn nan ta pran pou fè mennen ankèt sou ayisyen ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou wè si yo pa komèt krim oubyen vyole kondisyon ki mache ak TPS la; dapre mèt Phlip Berns, desizyon sa a pa jis.

Mèt Philip Berns, ki gen biwo li nan vil Stamford, nan Eta Connecticut, te reponn kesyson Lavwadlamerik sou enfòmasyon ajans nouvèl Associated Press (AP) pibliye sou desizyon otorite yo. Dapre AP, administrasyon Trump la ta mande pou Sèvis Imigrasyon ak Ladwann mennen ankèt sou tout yon kominote, yon bagay ki pa abitye fèt.

Gen 50.000 ayisyen anviwon kap viv ak stati tanporè Ozetazini depi yon gwo tranblamandtè te frape Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la, yon trajedi ki te koze lanmò anviwon 300.000 moun epi fè gwo dega materyèl nan peyi a.

XS
SM
MD
LG