Accessibility links

Breaking News

Etazini Konvoke yon Reyinyon ak Patnè Entènasyonal yo Sou Ayiti


Haiti US
Haiti US

Depatman Deta Peyi Etazini

Biwo Pòtpawòl la

Nan dat 16 desanm 2021

Kominike pou laprès:


Peyi Etazini konvoke yon reyinyon vityèl wo nivo ak patnè entènasyonal yo nan dat 17 desanm pou pale de defi yo nan kesyon sekirite, politik ak ekonomi nan peyi d Ayiti epi pwopoze posiblite pou soutni pèp Ayisyen an. Se Sekretè Deta Adjwen Afè Amerik yo, M. Brian Nichols, ki ap dirije reyinyon sa.


Yon kantite gouvènman ak òganizasyon entènasyonal ki angaje nan devlopman Ayiti ap patisipe nan rankont sa. Objektif reyinyon sila a se pou jwenn angajman pou anpeche sekirite ak ekonomi peyi a vin pi mal, epi pou soutni solisyon ki dirije pa Ayisyen yo pou sòti nan enpas politik peyi a twouve li a.


Etazini ap chèche rasanble kominote entènasyonal la pou li travay an patenarya ak pèp Ayisyen an sou yon apwòch inifye k ap ede Ayiti remete enstitisyon demokratik li yo sou pye.

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte WHAPress@State.gov.

XS
SM
MD
LG