O Pewou, rezilta eleksyon yo montre Ollanta Humala –yon kandida gochis e yon ansyen militè-- pral patisipe nan 2e tou prezidansyèl yo kote li pral fè fas ak Keiko Fujimori, pitit-fi ansyen Prezidan Alberto Fujimori ki nan prizon.
Misye Humala ranpòte 32% sou plis pase 92% vwa responsab yo deja konte. Miss Fujimori vini an 2e pozisyon ak plis pase 23% vwa yo. 2èm tou eleksyon an gen pou dewoule 5 jen pwochen