Accessibility links

Breaking News

Ayisyen nan Nouyòk Konte Manifeste Jou Labor Day la, Fèt Travay nan Kad Leve Kanpe sou Dosye Fon Petwo Karibe a


Manifestasyon kominote ayisyèn nan nan New York an solidarite ak Ayiti apre tanblemandtè 12 janvye 2010 la kote anviwon 316 mil moun te pèdi lavi yo.
Manifestasyon kominote ayisyèn nan nan New York an solidarite ak Ayiti apre tanblemandtè 12 janvye 2010 la kote anviwon 316 mil moun te pèdi lavi yo.

Nan tout rezo sosyal yo, ayisyen santre atansyon yo sou yon afè 3 milya 800 milyon dola Venezuela te prete Ayiti pou l devlope peyi a, men ki, dapre anpil obsèvatè fè wout kwochi.

Gen manifestasyon ki planifye nan Nouyòk lendi 3 septanm nan jou Travay la, Labor Day, tankou ekonomis Harry Fouché konfime enfòmasyon sa a nan mikwo Serge F Michel.

Harry Fouché se yon ekonomis nan vil Chicago ki te reponn kesyon Serge F Michel sou dosye Petwo Karibe a kap domine aktyalite a nan medya ayisyen yo.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon ekonmis Harry Fouché nan mikwo Lavwadlamerik.

Entèvou Lavwadlamerik ak Ekonomis Harry Fouché
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:31 0:00

XS
SM
MD
LG