Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chanm Depite Ayisyen an Gary Bodeau Lanse Apèl pou yon Ankèt Entènasyonal sou Dosye Petro Caribe a


Prezidan chanm depite ayisyen an, Gary Bodeau
Prezidan chanm depite ayisyen an, Gary Bodeau

Prezidan Chanm Depite a Gary Bodeau mande yon odit entènasyonal pou ede fè limyè sou fason gouvènman pase yo depanse fon 3 milya 800 milyon dola a lajan Petro Caribe. Prezidan chanm nan ki t ap pran lapawòl nan diskou ouvèti seyans politik jeneral Premye MinisJean Henry Ceant di mande pou odisyone tout antrepriz ki te benefisye kontra pandan pasaj gouvènman pase yo.

Ministè Enteryè di li pa aksepe demisyon Majistra vil Okay la Jean Gabriel Fortune. Majistra Fortune poko di wi ou non l ap respekte desizyon ministè enteryè ak kolektivte teritoryal yo.

Anbasadè amerken an Ayiti Michelle Sison lanse yon apèl pou dyaspora a patisipe pi plis pou sèvi modèl pou jèn yo ann Ayiti. diplomat la fè deklarasyon sa a nan okazyon yon rankont ak jèn pwofesyonèl nan chanm komès ayisyen-ameriken nan Miami, eta jounalis. Selon diplomat la, sektè dafè a kapab benefisye de eksperyans òm dafè ayisyen/ ameriken yo.

XS
SM
MD
LG