Accessibility links

Breaking News

Pewou: Prèske 100,000 Timoun òfelen Akòz COVID-19


Vacunas LATAM
Vacunas LATAM

Gouvènman peyi a deklare ke gen plis moun ki mouri nan mond lan parapò ak popilasyon yo ke anviwon 98,000 timoun nan Pewou òfelen akoz pandemi COVID-19 la.

Anahi Durand ki se Minis pou Fanm Pewou te di ,"Malerezman peyi nou an se peyi ki gen prèske 98,000 timoun ki pèdi papa yo, manman yo oswa gadyen yo pandan pandemi an." Chif sa yo te pibliye nan jounal medikal The Lancet.

"Dosye a tris. Nou se peyi ki gen pi gwo kantite timoun ki pèdi papa ak manman yo," Madan Durand deklare.

Ministè a ap peye kounye a yon pansyon 200 sols (apeprè $50) bay plis pase 18,000 fanmi, men kantite benefisyè yo ta dwe ogmante, minis la te di. Gouvènman an gen entansyon peye pansyon pou 83,664 timoun ak adolesan ki òfelen, anplis ba yo sipò sikolojik ak edikasyon. Peyi sa a ki gen 33 milyon moun gen pi gwo pousantaj lanmò nan mond lan, ak 6,122 lanmò pou chak milyon abitan, dapre yon rapò AFP ki baze sou chif ofisyèl leta yo te bay.

XS
SM
MD
LG