Madi 11 septanm 2018 la pèp ameriken an ap make 17èm anivèsè atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini 11 septanm 2001 e ki te koze lanmò anviwon 3 mil moun nan vil New York, Washington D.C. ak Eta Pennsilvani.
Nan okazyon anivèsè sa a, Prezidan Donald Trump asiste yon seremoni nan yon mozole nan vil Shanksville, Eta Pennsilvani, tou prè anplasman kote yon avyon konpayi United Airlines, vòl no. 93, te kraze apre 40 moun ki te abò a (pasaje ak manm ekipaj) te repran kontwòl aparèy la nan men pirat de lè oganizasyon teworis al-Kaida. Nan diskou lidè ameriken an pwononse nan sikonstans la, pandan li t ap pale ak moun nan asistans la ki te pèdi moun ki chè pou nou nan dat 11 septanm 2001 an, li fè deklarasyon sa a:
"Mwen vle nou konnen nou pa t vèse dlo-nan-je nou pou kont nou; paske se tout nasyon an ki pataje soufrans nou ak dèy nou. Nou pataje lapèn tout manman ak papa, tout sè ak frè, tout pitit-gason ak pitit-fi lrnnmi te pran nan men nou nan New York, nan Pentagòn nan ak isit la, nan plantasyon sa a nan Pennsilvani. Mozole kote nou ye la a senbolize kouraj, rezistans ak pèseverans pèp ameriken an. Mozole sa a reprezante yon mesaj nou voye bay lemond, yon mesaj ki di: << Lèzetazini pa p janmen, janmen bese ba devan tirani. Mèsi. >>
Pandansetan, tou prè vil Washington, nan Pentagòn nan oubyen Depatman Defans la, Vis Prezidan Mike Pence ak minis defans ameriken an, Jim Mattis, te asiste yon seremoni otorite yo òganize nan lonè manm fanmi sila yo ki te pèdi lavi yo lè yon avyon ke teworis yo te detounen t al kraze sou lokal depatman an.