Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kolonbi a Di Vis-Prezidan Etazini an li Opoze ak yon Entèvansyon Militè o Venezuela


Visprezidan ameriken an, Mike Pence, adwat, ak Prezidan Kolonbi a, Juan Manuel Santos, agoch.
Visprezidan ameriken an, Mike Pence, adwat, ak Prezidan Kolonbi a, Juan Manuel Santos, agoch.

Vis-prezidan Etazini Mike Pence jwen rezistans bò kote prezidan Kolonbi a Juan Manuel Santos dimanch 13 out 2017 la sou kesyon menas Prezidan Donald Trump pou l pran aksyon militè kont Venezuela.

Mesye Pence ki tap pale nan yon konferans pou laprès ansanm ak Prezidan Santos nan vil Cartagena nan Kolonbi, fè konnen Vis-prezidan Pence pa t ekate lide fòs militè a men li pat pale de sa dirèkteman.

Sepandan Mesye Pence di prezidan Kolonbi a, Etazini ta pito sa l rele yon solisyon pasifik pou Venezuela. Li deklare ke si nou echwe nan Venezuela, sa ap mete tout kontinan an an danje.

XS
SM
MD
LG