Accessibility links

Breaking News

PDG yon ONG Ki te Bloke Ann Ayiti Prezante yon Pri bay yon Senatè Ameriken


Prezidan Direktè Jeneral ONG IMA Rick Santos
Prezidan Direktè Jeneral ONG IMA Rick Santos

ONG IMA ki gen katye jeneral li nan eta Maryland tou prè Washington, remèt yon pri distenksyon bay senatè ameriken Ben Cardin pou efò li te fè pou ede sove lavi prezidan ONG a ki te bloke anba debri otèl Montana a nan Pòtoprens nan tranblemanntè 12 janvye a.

Prezidan ONG ki rele IMA a, Rick Santos, te twouve l ann Ayiti pou l ede konbat yon seri maladi twopikal ke yo neglije lè tranblemanntè 12 janvye a te fè dega nan peyi a. Rick di lè l te santi sekous la, li te pèdi konesans.

"Mwen te nan sal resepsyon otèl la ansanm ak 2 kòlèg mwen nan IMA epi 3 lòt kòlèg mwen ki travay pou Komite sekou Methodis Ini a. Nou te pran direksyon restoran otèl la pou n al manje. Sito ke nou te santi tranblemanntè a, mwen te pèdi konesans pou kèk minit. Lè m te retounen nan nòmal, premye sa k te pase nan tèt mwen se te kote lòt yo, èske yo trè byen ? Nou 5 te bloke nan yon sèl espas la."

Fanmi ak rès kòlèg Rick Santos yo nan Washington pat konnen sa k pase li avèk lòt moun ki te avèk li yo. Sepandan, yo te fè demach bò kote otorite ameriken yo, sitou manm kongrè a, pou voye sekouris al wè si yo ka sove Msye Santos ak kòlèg li yo anba debri otèl Montana a.

Mesye Santoskontinye pou l di: " Anpil mounn t ap panse avèk nou, yo t ap priye pou nou. E Senatè Ben Cardin ak senatè Mikulski ak kèk lòt manm kongrè a te pran kontak ak depatman deta e anbasad amerikèn nan ann Ayiti pou chèche konnen ki kote nou ye."

Gras ak demach senatè Cardin ak lòt manm kongrè a, sekouris te rive sove lavi prezidan-direktè-jeneral ONG IMA a, Rick Santos aprèl te pase 55 èdtan anba debri otèl Montana a. Pandan jounen mèkredi 8 septanm 2010 la, se nan yon seremoni kè-kontan ONG IMA remèt yon plak bay senatè Ben Cardin ki reprezante eta Maryland nan sena Etazini an.

Pandanstan, ONG IMA a, ap rapouswiv travay li ann Ayiti. E, Rick Santos gentan fè yon lòt vwayaj nan peyi a, nan kad travay li te kòmanse a.


Li ajoute: "Mwen te retounen ann Ayiti nan mwad me a paske mwen te vle asire m ke pwogram kont maladi twopikal neglije yo te sou bòn vwa a. E menm si aprè tranblemanntè a nou te retade pwogram nan, kote nou pase medikaman bay yon gwo kantite mounn ki gen maladi twopikal neglije yo, se avèk kontantman m ap di ke pwogram nan ap kontinye, e li depase objektif nou te fikse a."


Younn nan vil ayisyen ki benefisye pwogram ONG ki rele IMA a, se Grande Riviere du Nord. Prezidan IMA a, Rick Santos fini pa di yo menm nan IMA a, yo pap bliye pèp ayisyen an e y ap kontinye mache avèk yo pandan 10 a 20 pwochèn ane yo pou ede rebati peyi a.

Msye Santos eksplike sa k rive l nan mikwo Ronald César.

Klike sou lyen ki anlè e adwat atik la pou w koute repòtaj Ronald Cesar sou sivivan Rick Santos.



XS
SM
MD
LG