Accessibility links

Breaking News

Ansyen Chèf Kanpay Prezidan Donald Trump la, Paul Manfaort, sou Ankèt FBI


Paul Manafort, chèf kanpay kandida Donald Trump la pandan yon reyinyon nan Trump Tower nan New York, 17 out 2016.
Paul Manafort, chèf kanpay kandida Donald Trump la pandan yon reyinyon nan Trump Tower nan New York, 17 out 2016.

Ajan Biwo Anket Federal la (FBI) te fè yon desant dè lye douvanjou nan fen mwa pase a lakay ansyen chef kanpay Prezidan Donald Trump la, Paul Manafort, pandan FBI tap ranfòse ankèt li sou enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl ane pase a.

Desant dè lye a te fèt san avètisman nan yon banlye eta Virjinia, toupre Washington DC, lakay Paul Manafort, yon ajan politik Repibliken depi lontan ki gen 68 lane e ki gen bon jan relasyon finansye ak peyi Larisi e ak Ikrèn.

Manm ekip Mesye Manafort la konfime ke ajan FBI yo te ekzekite yon manda rechèch nan dat 26 jiyè 2017 pase a, kote yo te sezi dokiman ak lòt materyèl. Kèk èd tan anvan sa, Mesye Manafort te rankontre volontèman ak Komisyon Sèvis Sekrè Sena a.

XS
SM
MD
LG