Accessibility links

Breaking News

Patwon Moderna Di Vaksen ki Egziste Deja yo ap Mwen Efikas Kont Varyan Omicron an


Virus Outbreak Boosters
Virus Outbreak Boosters

Patwon konpayi famasetik Moderna te di nan yon entèvyou ak jounal Financial Times ke vaksen ki deja egziste kont COVIID-19 yo pral mwen efikas kont varyan Omicron an, e ke sa pral pran plizyè mwa pou yo devlope yon nouvo vaksen.

Stéphane Bancel kwè efikasite vaksen yo pral diminye. Li di done sou efikasite vaksen aktyèl yo pral disponib nan de semèn kap vini yo.

Avètisman sa a ke Misye Bancel lanse, vini nan moman minis sante G7 yo te rankontre an ijans pou diskite sou nouvo varyan Omicron nan ki gaye sou tout planèt la.

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) estime ke nouvo varyan sa te prezante "yon risk trè wo" nan nivo mondyal la.

Moderna te deja anonse entansyon li pou devlope yon dòz espesifik pou nouvo varyan an, menm jan ak laboratwa Ameriken Pfizer la.

Patwon laboratwa a te estime ke konpayi li an kapab pwodwi ant 2 ak 3 milya dòz an 2022.

XS
SM
MD
LG