Accessibility links

Breaking News

Patrick Williams: Yon Konpozitè Pou Plizyè Stil Nan Hollywood


Mizik se youn nan pati kle nan pwodiksyon film ak televizyon; e nan 4 dizèn lane ki sot pase nan Hollywood yo, Patrick Williams se youn nan pi gwo kompozitè ak aranjè tèm mizikal yo.

Mesye Williams ekri tèm ak nòt mizik ki dramatize aksyon nan plizyè seri televise. Pami yo nou kapab jwen seri ki gen kòm aktè, Newhart, Lou Grant, Mary Tyler Moore ak Tony Randall .

An total, li konpoze mizik pou 70 film sinema ak plizyè seri televize. Youn nan konpozisyon mizikal li yo te fè l jwenn nominasyon pou yon Oscar (film ki rele “Breaking away” te parèt an 1979, pale de yon jèn gason ki bezwen tounen yon chanpyon nan kous bisiklèt).

Patrick William ranpòte 4 Pri Emmy pou travay li fè nan televizyon ak 2 Grammy pou mizik li enrejistre.

William travay tou kòm yon aranjè pou kèk nan pi gwo non nan domèn mizikal la; pami vedèt sa yo genyen Frank Senatra, ak 2 album diyo l yo, avèk lòt chantè kontanporen.

Chak jou William travay ak diferan domèn atistik; men sa ki toujou reprezante pi gwo defi pou li, se jwenn son ki apropriye pou yon show, yon film oubyen yon albòm.

XS
SM
MD
LG