Ann Ayiti klas politik la ak lòt sektè ap reklame yon solisyon nan enpas politik peyi a ap travèse a. Sa fè kat mwa depi premye minis Jean-Max Bellerive (chèf gouvènman ansyen Prezidan René Préval) ap egzekite afè kourant malgre Ayiti gen yon nouvo prezidan (Michel Joseph Martelly) ki rive sou pouvwa a 14 me 2011 la. Si kèk nan patnè entènasyonal yo pa manifeste twòp, piblikman, enpasyans yo devan yon sitiasyon ki konsène politik entèn repiblik karibeyen an, an prive, sèten rekonèt kriz la se yon andikap pou peyi a ki genyen anpil bagay ijan li dwe regle ak "entènasyonal la". Anbasadè ameriken Kenneth Merten se youn nan yo. Li ki kwè peyi a bezwen yon chèf gouvènman e fòk pati konsène yo travay ansanm pou yo ka debloke peyi a paske yo bezwen yon patnè ann Ayiti pou trete avèk yo dosye enpòtan kap tann yo.
NB: Ale sou ikòn mp3, anwo e adwat paj wèb la, pou n koute Rotchild François Jr. korespondan Sèvis Kreyòl la nan vil Pòtoprens, kapital Ayiti, k ap rapòte deklarasyon diplomat Etazini an ak prezidan Konferans episkopal Ayiti a, Monseyè Louis Kebreau, ki mande aktè politik ayisyen yo chita-pale nan yon dyalòg fran pou wete Ayiti nan kriz la paske "moun yo" pa kapab ankò...