Accessibility links

Breaking News

Pati Mokrena mande pou Konsèy Elektoral la demisyonnen


Lidè pati politik MOKRENA, Mouvman Kretyen Pou Renouvèlman Ayiti, Luc Mesadieux, mete ansanm ak plizyè lòt pati politik pou mande demisyon Konsèy Elektoral Provizwa a. Mesadieux deklare Konsèy sa a pa bon...tout moun konnen sa deja, li bay prèv li, li fè prèv li ak eleksyon pou syèj sena ki fèt ane pase a... sa vle di se yon Konsèy ki dwe ale."

Pati Mouvman Kretyen Pou Renouvèlman Ayiti a, kritike tou arete prezidan Préval anonse vandredi li pral pibliye pou konvoke ofisyèlman eleksyon nan fen ane a nan peyi Dayiti.

NB: Koute sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a eksplikasyon lidè Mokrena a nan mikro Alfred Jean.

XS
SM
MD
LG