Yon ofisyèl wo-plase nan Pati Fanmi Lavalas, Doktè Maryse Narcisse, anonse pati a pral patisipe nan pwochen eleksyon jeneral yo avèk entansyon pou l repran pouvwa a.
Madam Narcisse, ki t ap vizite vil Boston nan wikenn nan, fè yon rankont ak manm kominote ayisyèn nan –sitou patizan ak senpatizan Lavalas yo- kote li pwofite pou l denonse sitiyasyon malouk viktim tranblemanntè 12 Janvye 2010 yo kontinye ap viv.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute korespondan nou Wilson Dubuisson gen detay depi Boston.