Accessibility links

Breaking News

Pastè Ameriken Terry Jones Anile Plan Pou l Boule Kòran an


Pastè yon ti legliz kretyèn nan eta Florid, Terry Jones, fè konnen li retounen sou desizyon li te pran pou l mande yon gwo rasanbleman pou moun te ka asiste evennman kote li ta pral boule plizyè kopi Kòran an (sètadi liv sen mizilman yo) samdi 11 septanm nan, pou make 9èm anivèsè atak teworis ki te fét sou Lèzetazini le 11 septanm 2001 an. Militan ki te lanse atak sa a nan New York, Washington ak Pennsilvani, sete mizilman; e pastè Jones panse se Kòran an ki te enspire teworis yo pou yo lanse atak la.

Jedi 9 septanm 2010 la, Pastè Jones te bay yon konferans pou laprès kote li te di li rive jwenn yon antant ak dirijan relijyon Islam nan ki deside deplase anplasman yon sant killtirièl yo vle konstrui nan New York; yo pap bati l touprè anplasman kote World Trade Center la te ye a --3 mil moun te mouri nan atak teworis yo te fè sou World Trade Center a, lè teworis yo te pilote 2 avyon e fè yo al antre nan building nan.

Pastè Ameriken Terry Jones Anile Plan Pou l Boule Kòran an
Pastè Ameriken Terry Jones Anile Plan Pou l Boule Kòran an

Pastè Jones bay eksplikasyon ki fè konnen lidè relijye mizilman ki nan tèt pwojè konstriksyon sant kiltirèl la nan New York, voye yon mesaj ba li.

Reveran Jones di: "Imam nan (kidonk, lidè relijye mizilman an) dakò pou l deplase moske a. E nou deside anile plan nou te gen pou samdi a; donk jou samdi a mwen pral pran avyon pou m al New York pou m rankontre ak Imam nan."

Sepandan, lidè mizilman an fè parèt yon deklarasyon kote li di antant Pastè Jones ap pale a, pa gen sa pyès. Pandan tout semèn nan pastè Jones te okipe atansyon laprès nan lemond antye ak yon seri de deklarasyon kote l te ensiste pou l di l ap boule Kòran. Deklarasyon konsa te pwovoke kondanasyon anpil lidè mondyal –pami yo genyen prezidan ameriken an, Barack Obama.

Prezidan Obama di: “Sa misye vle fè a, se yon bagay ki opoze totalman ak prensip nou kòm ameriken. Peyi isit se yon peyi ki te bati sou libète relijyon ak tolerans pou tout moun pratike relijyon yo jan yo vle."

Nan yon entèvyou Prezidan Obama bay chèn televizyon ABC, li te fè konnen si moun boule Kòran an, sa t ap pwovoke plis vyolans ak zak teworis. Legliz katolik, li menm tou, leve kanpe kont pwojè pastè Jones nan ; e se menm bagay la nou jwenn bò kote chèf Nasyonzini an, Sekretè Jeneral Ban Ki-moon.

Misye Ban di: “Okenn relijyon pa kapab ankouraje yon aksyon konsa. Sa kontredi efò Nasyonzini ak anpil moun atravè lemond ap deplwaye pou yo ankouraje tolerans, konpreyansyon ant divès kilti, ak respè youn pou lòt ant reprezantan divès kilti ak relijyon diferan."

XS
SM
MD
LG