Pap Franswa akize moun ki te viktim abi seksyèl anba men yon ansyen prèt pandan yo te timoun, deske yo komèt kalomni sou yon evèk ki, daprè viktim yo, te pwoteje prèt la. Pap la lanse akizasyon sa a byen ta nan jounen jedi 18 janvye a anvan li kite Chili pou yon vizit o Pewou.
Pap la di: << Toutotan mwen pa wè prèv ki montre Evèk Juan Barros te konplis nan "kase-fèy, kouvri sa" pou abi seksyèl Pè Fernando Karadima ta komèt, ebyen, tout akizasyon konsa yo lage sou do li se pa anyen dòt ke "kalomni". >>
Sepandan yon jij-fanm nan peyi Chili fè konnen akizasyon viktim yo merite konfyans; paske, menmsi li te oblije anile tout plent li te resevwa kont Pè Karadima akoz tan-limit pou yon jijman te deja pase, gen prèv ki montre li te komèt move zak sa yo vrèman.