Accessibility links

Breaking News

Pap Francois Pale Sou Ayiti Nan Mesaj li Dimanch


Pap Francois bay benediksyon li apre li finn pwononse mesaj li a midi sou plas Sen Pierre la nan Vatican an, Dimanch 31 Oct. 2021.
Pap Francois bay benediksyon li apre li finn pwononse mesaj li a midi sou plas Sen Pierre la nan Vatican an, Dimanch 31 Oct. 2021.

Pap Francois pale sou Ayiti nan mesaj li pwononse Dimanch nan Vatican an.

Pap la lanse apèl pou moun lapriyè pou tout moun ka "tande kri mond lan" pandan rankont o somè sou chanjman klimatik ki fèk komanse nan vil Glasgow nan peyi Ekòs.

Francois fè komantè sa yo sou plas Sen Pierre la kote li fè remake jodia se premye jounen rankont enpòtan sa a.

"M'espere rankont sa a pral jwenn repons efikas ki va bay jenerasyon nan lavni yo espwa," souvren pontif la deklare.

Moun rasanble sou plas Sen Pierre la pou koute mesaj pap Francois a, Dimanch 31 Oct. 2021.
Moun rasanble sou plas Sen Pierre la pou koute mesaj pap Francois a, Dimanch 31 Oct. 2021.


Li fè konnen tou lap lapriyè pou pèp Ayisyen an e li mande mond lan pa abandone Ayiti.

"Map panse a popilasyon Ayisyen an kap viv nan kondisyon ki depase limit yo. Mwen mande lidè peyi etranje yo apiye peyi sa a - pa kite'l poukont li. E oumenm, kap koute, lè ou tounen lakay ou chache ranseye'w sou sakap pase ann Ayiti epi lapriyè - lapriyè anpil," Pap Francois deklare.

Pap Francois te Gen Yon Mesaj Spesyal Pou Ayiti Nan Prèch Dimanch li
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:25 0:00


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG