Accessibility links

Breaking News

Pap Benwa 16 Anonse Yon Vizit nan Kuba


Pap Benwa 16 anonse li pral fè yon vwayaj nan Kuba ak nan peyi Meksik ane k ap vini la a -ane 2012 la
Pap Benwa 16 anonse li pral fè yon vwayaj nan Kuba ak nan peyi Meksik ane k ap vini la a -ane 2012 la

Pap Benwa 16 anonse li pral fè yon vwayaj nan Kuba ak nan peyi Meksik ane k ap vini la a -ane 2012 la.

Chèf legliz katolik la presize, li gen entansyon fè vizit sa yo anvan dimanch Pak k ap tonbe 8 avril 2012.

Pap la ajoute l ap antreprann vwayaj sa yo pou pwoklame pawòl Jezi-Kri e ranfòse konviksyon fidèl katolik yo ke jounen jodiya se bon lè pou fè evanjelizasyon ak yon fwa djanm, yon esperans vivan ak yon charite dinamik.

Souvren Pontif la fè anons la pandan yon mès li t ap selebre nan Bazilik Sen Pyè a pou onore Sen Patwon peyi Meksik la, Vyèj Gwadloup. Pap Jan Pòl 2 te fè yon vizit istorik nan Kuba an 1998.

XS
SM
MD
LG