Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Repiblik Dominikèn / Dènye Nouvèl yo sou Ensidan Pedernales la


Kantite ayisyen otorite dominikèn yo ap depòte pa sispann ogmante, sitou apre ensidan kote yon pè imigran ayisyen ta swadizan touye yon koup dominiken, Julio Perez ak Neida Urbaez, tou pre vil Pedernales, nan sid-wès Peyi Panyòl. Korespondan nou nan Santo Domingo, Edouard Saint-Jean, e nan Wanament, Jaudelet Saint-Vil, jounal Le Nouvelliste, --antwòt medya ayisyen-- konfime enfòmasyon sa a.

Padansetan, daprè enfòmastyon ki sòti Pòtoprens, Minis Afè Etranjè a, Antonio Rodrigue, sanble atache anpil enpòtans nan sitiyasyon ki devlope nan Pedernales aprè lanmò koup dominiken an ak kondwit konptiyòt yo vizavi imigran ayisyen ki nan zòn nan. Dènye nouvèl yo fè konnen anviwon 250 fanmi ayisyèn prese kite zòn nan pou yo antre nan vil Ans-A-Pit ki an fas Pedernales, dekwa pou yo pa viktim zak revanj dominiken yo ki te bay tout Ayisyen nan vil la 24 trè pou yo rantre ann Ayiti (yon delè ki tap bout lendi 12 mas 2018 la).

Minis Rodrigue, --ki bay jedi 15 mas la yon konferans pou laprès kote li pale de negosyasyon ki dewoule sou sitiyasyon an ant otorite 2 peyi yo-- abòde nouvèl ki pale de yon swadizan demand Repiblik Dominikèn ta fè pou Ayiti voye tounen nan Panyòl sitwayen ayisyen Edner Noêl; ayisyen sa a tonbe anba akizason deske se li-menm ak yon konpatriyòt li ki ta repsonsab asasina koup dominiken an. Chèf diplomasi ayisyèn nan raple pa gen yon trete dekstradisyon ant 2 peyi yo; e, menm si genyen kowoperasyon ant Pòtoprens ak Santo-Domingo nan divès domèn tankou, pa egzanp, sou plan juridik la, dominiken yo ta genyen pou yo fanchi divès etap anvan pou Ayiti ta anvizaje posiblite pou l voye Edner Noêl bay lajistis dominikèn pou jijman. Dayè, nouvèl ki sòti Jakmèl, chèf-lye Depatman Sidès la kote akize a fèmen nan prizon, fè konnen komisè gouvènman an, Mèt Françoise Morailles, mete opozisyon pou lajistis ayisyèn pa satisfè demand domiken yo si yo pa ranpli sèten kondisyon.

Pou sa k konsènen sitiyasyon an nan Ans-a-Pit kote plizyè santèn sitwayen ayisyen ki kite tè panyòl al pran refij, enfòmasyon ki sòti Ayiti di minis Afè Sosyal la, Stéphanie Auguste, lanse apèl bay Ayisyen kap viv nan vil fwontalye sa a pou l mande yo montre sans ospitalite anvè konpatriyòt yo ki retounen briskeman sou tè d Ayiti epi ba yo asistans ke tout moun deplase ta dwe jwenn. Minis Auguste anonse Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) deja ap pote yon assistans dijans bay ayisyen sa yo.

Sou dosye imigrasyon Ayisyano-dominiken an, Jounal Le Nouvelliste raple ke an 2015 imigran ayisyen ki te pè pou dominiken yo pat depòte yo pa bann e pa pakèt, t al pran refij nan Ans-a-Pit; yo te jwenn abri nan kèk kan enpwovize kote yo te sipoze rete pwovizwaman. Men plis pase yon lane te pase e yo te toujou ap viv nan kan sa yo.

XS
SM
MD
LG