Accessibility links

Breaking News

Pantagon nan Devwale Nouvo Avyon Bonbadye 'Stealth' B-21 li an


Foto Achiv: Imaj yon atis desinnen ke Aviyasyon Etazini pataje ak lapres montre nouvo avyon bonbadye stealth Etazini an ki rele B-21 Raider.
Foto Achiv: Imaj yon atis desinnen ke Aviyasyon Etazini pataje ak lapres montre nouvo avyon bonbadye stealth Etazini an ki rele B-21 Raider.

Etazini ap devwale nouvo avyon bonbadye "stealth" li a apre li pase plizyè zane ap devlope li an sekrè.

Nouvo bonbadye a se repons Pantagon nan fas ak kè sote li genyen pou yon konfli ak Lachin nan lavni.

B-21 Raider la pran non li nan yon atak ki te fèt sou Tokyo an 1942 ki rele "Doolittle Raid". Se premye nouvo avyon bonbadye Ameriken fabrike depi plis pase 30 an. Prèske tout aspè avyon B-21 Raider la top sekrè.

Pantagon nan ap kite piblik la we avyon an pa envitasyon sèlman nan yon evenman ki pral dewoule nan Palmdale, Kalifoni, Vandredi.

Konpayi Northrop Grumman, ki gen katye jeneral li nan Fall Church, Vijini konstwi avyon an, ki pral pran vol pou premye fwa ane pwochèn.

XS
SM
MD
LG