Accessibility links

Breaking News

Pandemi Kowonaviris la Bay Ekonomi Ewopeyèn nan Pi Gwo Frap la depi 70 Lane


Gwo difikilte ekonomi mondyal la ap travèse depi kèk mwa deja te ekspoze aklè pou tout moun wè sa jedi 30 avril la nan moman Lewòp ak Lèzetazini fèk pibiye plis prèv ki montre gwo dega dispozisyon otorite yo pran pou yo kontwole pandemi kowonaviris la genyen sou travay ak ekonimi peyi yo. Sou kontinan ewopeyen an, kote plis pase 132 mil moun mouri anba maladi a, obsèvatè yo ka santi gwo laperez ki genyen pami responsab yo devan posiblite pou yo anrejsitre plis ka enfeksyon toujou lè anplwaye yo ak travayè yo va retounen nan izin yo, nan magazen ak boutik yo e nan biwo yo.

Nouvo chif ki parèt nan jounen jedi a e ki montre nivo to chomaj la nan 19 peyi ewopeyen ki sèvi ak Ewo a kòm deviz monetè yo, atire atansyon sou wòl kèk nouvo pwogram sovtaj ekonomik rive jwe pou pèmèt plizyè milyon ewopeyen rete nan travay yo, sa ki anpeche yo konnen menm sò ak anviwon 30 milyon ameriken ki pèdi job yo.

Ekonomi ewopeyèn nan sibi yon bès-rekò 3, 8% pandan premye trimès ane 2020 an nan moman otèl yo, restoran yo, chantye travay konstriksyon yo ak izin mamifakti yo oblije fèmen pòt yo akoz pandemi kowonaviris la. Se pi gwo bès ekonomi zòn Ewo a anrejistre depi peyi manm blòk la te kòmanse kenbe statistic sou pèfòmans ekonomi an nan ane 1995, si w konpare chif aktyèl la avèk to 4,8% bès ki frape ekonomi amerikèn nan.

Sitiyasyon kote otorite yo fèmen tout aktivite ekonomik sou kontinan ewopeyen an lakoz gwo kapital yo tounen vil zonbi pandan ke yon sitiyasyon konsa ap kreye resesyon nan peyi sa yo. Pa egzanp chif yo montre ekonomi fransèz la sibi yon bès 5,8% pandan premye trimès ane a, swa pi gwo bès Lafrans konnen depi plis pase 70 zan -pou plis presizyon depi ane 1949- tandiske ekonomi espayol la, limenm, sibi yon bès ki monte rive 5,2% pandan menm peryòd la. Se yon sitiyasyon ekonomis yo ap swiv de prè sou kontinan ewopeyen an kòm konsekans pandemi kowonaviris la ki kontinye fè ravaj nan anpil peyi nan lemond.

XS
SM
MD
LG