Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Divizyon Pami Palmantè yo sou Chwa Premye Minis Fritz A. Jean


rezidan Jocelerme Priver (adwat) ak Premye Minis Fritz Jean (agoch).
rezidan Jocelerme Priver (adwat) ak Premye Minis Fritz Jean (agoch).

Ann Ayiti, Senatè Andris Riché pa mete dlo nan bouch li pou l kritike nouvo Premye Minis la, Fritz Alphonse Jean, menm avan li prezante devan palman an pou l soumèt deklarasyon politik jeneral li. Sou bò pa l, Depite Jean-Berthole Bastien deklare opinyon yo pataje nan Chanm Bas la sou chans pou yon majorite kòlèg li yo vote pou yo ratifye Mesye Jean. Palmantè a fè konnen, "bòn relasyon Premye Minis la genyen avèk rejyon "Gran Nò a" kapab jwe an favè li lè li va prezante devan palman an pou l soumèt deklarasyon politik jeneral li".

Nouvèl Ayiti pou madi 1 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:55 0:00
Direct link

Yon lòt kote, konstitisyonalis George Michel ki tap reyaji sou chwa Premye Minis la ak pwosesis ratifikasyon li, di li kwè se yon chwa abitrè ki pa pran an konsiderasyon akò 5 fevriye 2016 la. Dapre Doktè Michel, Prezidan Privert te dwe chazi Premye Minis la an konsiltasyon avèk prezidan 2 chanm yo; e le fèt ke li pa fè sa konsa, sa kapab kreye plis pwoblèm olye sa pare chemen an pou nouvo dirijan yo jwenn yon solisyon pou kriz la.

Ann Ayiti toujou: Plizyè santèn patizan ak seenpatizan Pati Fanmi Lavalas manifeste nan kapital la nan jounen lendi 29 fevriye 2016 la pou make 12èm anivèsè leve kanpe ame ki te fòse ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide ale ann egzil.

Anfen, plizyè gwoup militan fanm òganize yon kongrè nan vil Okay pou yo prepare estrateji ki kapab pèmèt yo patisipe plis nan vi politik peyi a. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou kongrè sa a dewoule apre elektè ayisyen yo pat vote yon palmantè fanm ni nan Sena a ni nan Chanm Depite a nan okazyon dènye eleksyon lejislatif yo.

XS
SM
MD
LG