Accessibility links

Breaking News

Palman Gran Bretay la Ap Vote sou Akò pou Retire Peyi a nan Inyon Ewop la


Sitwayen britanik ki kont retrè Angletè nan Inyon Ewop la kap manifeste ak drapo Inyon Ewopeyèn nan men yo devan palman an. 14 janvye 2019. (Foto: Oli SCARFF / AFP)
Sitwayen britanik ki kont retrè Angletè nan Inyon Ewop la kap manifeste ak drapo Inyon Ewopeyèn nan men yo devan palman an. 14 janvye 2019. (Foto: Oli SCARFF / AFP)

Palman Grand Bretay la vote madi 15 janvye 2019 la sou akò pou peyi a pou soti nan Inyon Ewòp la, akò ke gouvènman Premye minis Theresa May te negosye ak Inyon an.

Madam May te anile yon vòt ki ta pwal fèt nan mwa desanm 2018 pase a lè l te kwè ke li pa t gen ase vòt pou antant la pase, e depi lè a, pa sanble gen gwo chanjman.

Ni palmantè ki anfavè retrè a, ni sa yo ki kont li, yo pa dakò ak kondisyon ki nan ankò a. Yon jou avan, swa lendi 14 janvye a, Madam May te chache rasanble sipò nan dènye minit pou mande yo ekzaminen sityasyon an ankò pandan li bay avètisman sou konsekans k ap vini si antant la echwe.

Pi gwo pwoblèm nan antant la se aranjman pou gen yon fwontyè ki rete ouvè ant Irland di Nò ak Irland ki se manm Inyon Ewòp la, sa ki ta fè Grand Bretay rete anpati anba politik komèsyal Inyon an toutotan 2 pati yo pako negosye yon nouvo akò komèsyal.

XS
SM
MD
LG