Accessibility links

Breaking News

Palacios Pral Parèt Devan yon Tribinal Miami


Palacios Palacios
Palacios Palacios

Otorite Ameriken yo mete anba kòd Mario Antonio Palacios Palacios, yon ex milite kolonbyen, an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise 7 Juiyè 2021.

Yon responsab la jistis Ameriken di ajans nouvèl Reuters ke Palacios gen pou'l konparèt devan tribinal jodi Madi 4 Janvye a.

La jistis di Palacios te fè pati yon gwoup mèsenè ki te asasinen Prezidan Moise. Li pral parèt devan yon tribinal federal nan Miami apremidi a.

Panama te arete Palacios Lendi, apre Jamayik te depòte'l nan peyi Kolonbi, dapre sa yon sous ki familye ak ka a di ajans nouvèl Reuters. Avyon misye te fè eskal Panama sou wout pou'l al Kolonbi e se la yo te arete'l lè li ateri nan peyi a.

Dapre rapò ki parèt nan laprès, Depatman Sekirite Nasyonal Etazini ak FBI akize Palacios dèske kom kwa li te konplote pou bay sipò materyèl ki te debouche sou lanmò yon lidè etranje e ke li te konplote pou'l touye yon lidè etranje.

Ayiti deja arete 44 sispèk an koneksyon ak asasina a. Gen youn ki mouri ak COVID-19 pandan li te nan prizon e gen 4 lot jij te lage. Poko gen okenn akizasyon ofisyèl ki lanse kont moun sa yo.

VOA Kreyol te mande Depatman Jistis Etazini an ak Biwo FBI nan Miami enfomasyon sou ka Palacios la. Nou poko jwenn repons.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG