Nan Pakistan, lame prezante yon pwotestasyon byen dyanm devan l’OTAN apre sa otorite pakistanè yo konsidere kòm yon vyolasyon espas ayeryen peyi yo.
Se 2 elikoptè militè Oganizasyon Trete Atlantik Nò a ki ta komèt vyolasyon sa a. Pwotestasyon otorite pakistanè yo soumèt madi 17 me a, vini apre yo te fè konnen elikoptè l’OTAN yo te travèse fwontyè peyi a ak Afganistan epi yo lanse yon atak ki blese 2 sòlda pakistanè.
L’OTAN rekonèt li genyen elikoptè k ap vole nan zòn fwontyè a, e l ap mennen yon ankèt sou ensidan an.
Bò kote pa l, yon otorite militè oksidantal fè konnen 2 elikoptè yo te twouve yo sou pati fwontyè a ki nan Afganistan lè moun ki sou pati Pakistanè a te tire sou yo.
Sa sèlman elikoptè yo te fè, se reponn kif-kif apre yo te tonbe anba atak 2 fwa. Ensidan sa a byen kapab vin ogmante tansyon ki egziste ant Islamabad ak Washington, malgre senatè ameriken John Kerry fèk fè yon vizit nan Pakistan pou l eseye fè tansyon an bese.
Relasyon ant Lèzetazini ak Pakistan vin gen yon redisman ladan n aprè yon kòmando delit lame amerikèn te lanse yon operasyon kote yo te touye lidè rezo teworis al-Kayda, Osama Bin-Laden, san Lèzetazini pa t avèti otorite pakistanè yo.
Operasyon sa a te dewoule nan dat 2 me pase a, nan vil Abbottabad, nan Pakistan.