Accessibility links

Breaking News

Pakistan Pini Moun ki te bay Etazini Enfòmasyon Sekrè sou Osama bin Laden


Pakistan Pini Moun ki te bay Etazini Enfòmasyon Sekrè sou Osama bin Laden
Pakistan Pini Moun ki te bay Etazini Enfòmasyon Sekrè sou Osama bin Laden

Gouvènman an arete nan Pakistan, 5 sitwayen peyi a ki t ap travay kòm ajan enfòmatè pou sèvis sekrè ameriken an (CIA) avan atak ki te touye lidè rezo al-Kaida a, Osama bin Laden.

Ajans nouvèl oksidantal yo konfime mèkredi 15 jen an enfòmasyon sou aksyon gouvènman pakistanè a --enfòmasyon ki parèt nan jounal ameriken The New York Times.

Daprè jounal la, responsab wo plase sèvis ransèyman pakistanè arete enfòmatè yo apre operasyon lame amerikèn te lanse nan dat 2 Me 2011pase a nan vil Abbotabad, nan Pakistan, kote bin Laden te kache.

Pami moun yo arete yo genyen yon majò Lame peyi a ki te anrejistre nimewo plak tout machin ki te vizite kay kote Bin Laden t ap viv la. Moun poko konnen kisa ki pral rive prevni sa yo.

XS
SM
MD
LG