Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Lapolis Mete Yon Gwo Militan Islamis an Rezidans Siveye


Lapolis nan Pakistan fè konnen yo mete yon gwo militan islamis an rezidans siveye apre yo fin akize l kòmkwa l ap chache chofe vyolans ant sèk relijye.

Otorite yo fè konnen yo mete Malik Ishaq, chèf gwoup ekstremis mizilman Sunni Laskhar e Jhanvi, ki pa gen otorizasyon opere nan peyi a an rezidans siveye pou 10 jou nan vil Rahim Yar Khan.

Lapolis akize Ishaq kòmkwa depi kèk mwa, l ap fè prèch piblik ki chofe tèt moun pou yo fè vyolans kont mizilman Shiyit yo ki an minorite.

XS
SM
MD
LG