Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral Nasyonzini an Lanse Yon Apèl Dijans Pou Pakistan


Mesye Ban pale konse avan yè dimanch 19 septanm 2010 la nan yon gwo reunyon ministeryèl entènasyonal ki te dewoule nan New York sou trajedi ki te frappe Pakistan-an.

Sekretè jeneral l’ONU an di: “Daprè kalkil ki fèt, Inondasyon yo afekte 20 milyon moun ak 20% tout tèritwa nasyonal pakistanè a. Ant 8 a 12 milyon moun bezwen jwenn asistans umanitè prese-prese."

Rankont entènasyonal sa-a te rasanble 25 gwo lidè mondyal, pami-yo te genyen Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton.

Chèf diplomasi amerikèn nan te pwofite okazyon an pou l di gouvènman Lèzetazini déjà ofri anviwon 345 milyon dola asistans pou Pakistan.

Madàm Clinton deklare: “Lajan sa a sèvi pou pote soulajman e pèmèt moun yo repannn yo imedyatman aprè inondasyon yo, san bliye lot tip kontribusyon ak gwo kokenn travay lame-nou-an fè pou l te sove 15 mil moun, epi distribye 7 milyon liv pwovizyon sekou."

Reprezantan kominote entènasyonal la genyen pou reyini mwa oktòb la nan vil Brusèl, an Beljik, epi nan Pakistan menm, nan mwa novanm nan, pou yo abòde pwoblèm inondasyon an poze nan peyi sa a ak lòt kesyon ki gen rapò ak sitiyasyon an nan Pakistan.

XS
SM
MD
LG