Accessibility links

Breaking News

Pakistan: 5 Moun Mouri Nan Yon Ekplozyon


Pakistan: 5 Moun Mouri Nan Yon Ekplozyon
Pakistan: 5 Moun Mouri Nan Yon Ekplozyon

Nan Pakistan, otorite yo fè konnen eksplozyon yon bonm nan yon chapèl mizilman touye 5 moun pou pi piti e blese o mwen 12 lòt.

Daprè menm sous la toujou, se 2 nèg ki te plase bonm nan sou yon motosilèt epi yo kite motosiklèt la devan chapèl la nan vil Pak Pattan nan pati lès peyi a.

Otorite yo di eksplozyon sa a ki rive jodi lendi 25 oktòb 2010 la fè dega nan plizyè magazen, men chapèl la pa sibi okenn domaj.

Yon temwen --ki pale ak Ajans Frans Près-- deklare eksplozyon an pwovoke yon gwo flanm dife.

Pèsonn moun –ni gwoup moun—poko pran responsablite pou atak sa a.

XS
SM
MD
LG