Palman Pakistan an ap travay sou kèk règleman pou angaje e ogmante pri tranzit Etazini ak l’Otan dwe aksepte anvan pou l relouvri fwontyè pou konvwa militè yo k ap prale nan Afganistan.
Pakistan te fèmen wout prensipal ravitayman an nan mwa novanm ane pase lè Atak ayeryen ameriken yo te touye 24 pakistanè nan yon ensidan ki te fèt pa erè.
Nan mwa novanm ane pase, Gouvènman Pakistanè a te bay lòd pou revizyon sa a fèt aprè yon atak ayeryen l’Otan te lanse sou 2 avan pòs milité nan nòdwès peyi a.
Nan mitan mwa mas la, yon sesyon Sena Pakistan an pral louvri e palman an pral revize tout aranjman kowoperativ avek Etazini ak L’Otan .
Premye minis Pakistan an Yousuf Raza Gilani deklare se te yon atak sou dwa granmoun Pakistan e poutèt sa, pakistan te fèmen tout wout ravitayman L’Otan ki pase pa teritwa li a pou ale an Afganistan.