Accessibility links

Breaking News

Pòtoriko Ekstrade ex-minis Spò Ayisyen an pou Fè Fas ak Akizasyon Vyòl


Foto Achiv: Minis Jenes, Spo ak Aksyon Sivik peyi d'Ayiti Evans Lescouflair pandan yon fowom Global sou Spo nan Barselonn, Espay, 10 Mas, 2010.
Foto Achiv: Minis Jenes, Spo ak Aksyon Sivik peyi d'Ayiti Evans Lescouflair pandan yon fowom Global sou Spo nan Barselonn, Espay, 10 Mas, 2010.


Otorite Pòtoriko rapatriye Mèkredi yon ansyen minis spò Ayisyen ke yo akize de vyòl, abi seksyèl ak endesans.

Evans Lescouflair jwenn arestasyon ni nan Pòtoriko Samdi epi apre sa yo te depòte'l an Repiblik Dominiken anvan li te rive ann Ayiti, dapre sa Polis Nasyonal Ayisyen di.

Yo akize Lescouflar dèske li te vyole yon elèv 11 zan sa gen plizyè dizen lane, lè li te yon pwofesè.

Avoka Lescouflair la pat disponib pou reponn kestyon Associated Press.

Ansyen minis spò a te sipoze parèt devan yon tribinal nan mwad Me a, men li pat janm parèt. Apre sa, otorite yo te lanse yon manda d'arè kont li.

XS
SM
MD
LG