Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, Yon Lòt Tanpèt Nèj Gen Pou l Kouvri yon Tyè Popilasyon an


Ozetazini, Yon Lòt Tanpèt Nèj Gen Pou l Kouvri yon Tyè Popilasyon an
Ozetazini, Yon Lòt Tanpèt Nèj Gen Pou l Kouvri yon Tyè Popilasyon an

Espesyalis meteyo yo lanse avètisman pou di anviwon 60 santimèt nèj kapab tonbe sou vil Chicago nan kad gwo tanpèt nèj pi resan ki ka frape Etazini.

Daprè espesyalis meteo yo, tanpèt la pran direksyon mitan peyi a e l ap pote glas avèk nèj nan yon gwo pati Etazini. Tanpèt sa a genyen pou l frape eta Oklahoma, Missouri, avèk Illinois.

Ajans federal ki okipe jesyon ijans yo deklare : depi lendi 31 janve 2011 la li genyen plizyè stòk pwodwi ki nesesè pou fè fas ak sitiyasyon dijans --pwodui tankou dlo, manje, jeneratris, elatriye, ki rasanble nan rejyon tanpèt la kapab frape yo ---pami rejyon sa yo genyen zòn metwopolitèn Washington nan.

XS
SM
MD
LG