Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, Palmantè nan Chanm Depite a li Konstitisyon an


Ozetazini, Palmantè nan Chanm Depite a li Konstitisyon an
Ozetazini, Palmantè nan Chanm Depite a li Konstitisyon an

Ozetazini, palmantè nan Chanm Depite a li “a-wot-vwa” jedi 6 janvye 2010 la, konstitisyon amerikèn nan yon jou apre Repibliken yo pran kontwòl Chanm Reprezantan an .

Repibliken yo deklare lekti dokiman sa a sou ki jan pou gouvène nasyon an , se yon jès senbolik ki vize raple palmantè yo angajman yo pran pou respekte ak tout fòs yo prensip konstitisyonèl yo.

Pita nan jounen an, Chanm nan kapab pran mezi pou koupe 5% nan bidjè kongrè a. Repibliken yo presize desizyon an ap fè leta ekonomize 35 milyon dola nan 9 pwochen mwa yo. Nouvo lejislati a Kongrè a te kòmanse mèkredi 5 janvye 2010 la ak prestasyon sèman palmantè ki fenk eli ak sila yo ki re-eli, ak repibliken John Boehner ki tounen prezidan chanm nan , sa yo rele isit Ozetazini “speaker” Chanm Depite a.

XS
SM
MD
LG