Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Otorite yo Mete Men sou yon Endividi Yo Di ki Responsab Atak ak Bonm nan Manhattan ak New Jersey


Ahmad Khan Rahami, endividi otorite yo di ki responsab atak ak bonm nan Manhattan ak New Jersey.
Ahmad Khan Rahami, endividi otorite yo di ki responsab atak ak bonm nan Manhattan ak New Jersey.

Dapre yon nòt ki soti nan FBI, otorite yo konfime ke yo tap chèche Ahmad Khan Rahami pou kesyone l sou eksplosyon sila a.

Lapolis fè konnen popilasyon an te pataje ave l enfòmasyon ki te ede l jwenn sispèk la ki ta sanble gen men li tranpe nan zak eksplozyon an.

Mayor Bill de Blasio, nan mitan, ak Chèf Department NYPD a James O'Neill; Chelsea, New York, Saturday, Sept. 17, 2016.
Mayor Bill de Blasio, nan mitan, ak Chèf Department NYPD a James O'Neill; Chelsea, New York, Saturday, Sept. 17, 2016.

Majistra New York Bill de Blasio te di sou chèn televizyon CNN li te gen konfyans otorite yo t ap rive mete sispèk la anba kòd. Byen bonè Lendi, Gouvènè New York la Andrew Cuomo te repete sa l te di deja ke “li kwè bonbadman samdi swa a se yon zak teworis.”

Gouvènè ya deklare li posib pou gen enplikasyon etranje nan zak sila." Yon jou avan, nan dimanch, Cuomo te di li pa kwè zak eksplosyon sa a gen oken koneksyon ak teworis entènasyonal yo.

Pita nan Dimanch, otorite yo te dekouvri plis bonm ak materyèl ki kapab fè bonm nan yon sak lekol yon endividi te lage nan yon bwat fatra toupre yon estasyon tren nan bouk Elizabeth nan eta New Jersey.

Majistra Elizabeth la, Chris Bollwage di youn nan materyèl bonm sa yo eksploze pandan lapolis t ap eseye dezamòse l.

Dapre lapolis, Rahami ki se yon sitwayen Ameriken ki t ap viv nan Elizabeth, New Jersey. E selon medya, paran jèn gason an gen yon restoran nan premye etaj kay kote otorite yo kwè yo abite a.

XS
SM
MD
LG