Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Kerry Mande pou Limite Pasaj Avyon de Gè sou Peyi Siri


Yon nonm k ap pote yon timoun ki blese apre yon avyon de gè te frape zòn nan Siri. 21 sept, 2016
Yon nonm k ap pote yon timoun ki blese apre yon avyon de gè te frape zòn nan Siri. 21 sept, 2016

Sekretè Deta Ameriken John Kerry deklare pou sove seselfe a nan Siri, avyon de gè yo dwe sispann vole sou kèk pati nan peyi a.

Dapre Sekretè Deta Ameriken an, yon entèdiksyon konsa pral anpeche Siri fè sa l te fè déjà, ki se atake pozisyon sivil e pran kòm eskiz lap sèlman chache frape group ekstremis ki rele Nusra.

Nusra ak sa yo rele group Eta Islamik la, se 2 gwoup teworis ki pa fè pati akò seselfe a. Selon misye Kerry, Lèzetazini ak Larisi sipoze travay ansanm pou elimine 2 group ekstremis sa yo.

Sekretè deta Ameriken an di li vle fè Larisi konnen ke Etazini toujou anfavè yon akò diplomatik sou kriz Siri a.

XS
SM
MD
LG