Accessibility links

Breaking News

Oxfam Lanse Apèl An Favè Sektè Agrikòl La Ann Ayiti


Oxfam Lanse Apèl An Favè Sektè Agrikòl La Ann Ayiti
Oxfam Lanse Apèl An Favè Sektè Agrikòl La Ann Ayiti

Oganizasyon charite entènasyonal Oxfam fè konnen kantite manje etranje k ap vide sou Ayiti yo nui ekonomi nasyonal peyi sa a, e sektè ki plis viktim nan se sektè agrikòl la. Daprè Oxfam, kominote entènasyonal la ta dwe chanje totalman fason l ap abòde dosye rekonstriksyon Ayiti a. Marc Cohen, yon espesyalis nan kesyon devlopman k ap fè rechèch pou Oxfam, fè konnen majorite ayisyen yo ap viv nan laryè-peyi e se sou agrikilti yo repoze pou yo fè lavi yo ; sepandan, pandan dè zane deja, pa tèlman gen envestisman ki fèt nan sektè sa a.

Mesye Cohen di: “Depi yon epòk ki remonte jous nan ane 50 yo, ni gouvènman ayisyen an, ni peyi donatè yo te fikse atansyon yo sou devlopman vil yo, e, nan yon sèten degre, sou sektè manifakti a; pat tèlman genyen envestisman nan zòn riral yo."

Marc Cohen kontinye pou l di : “Gwo kantite manje –sitou diri ak lòt kalte sereyal kominote entènasyonal la vide sou peyi Dayiti apre tranblemanntè a-- pa vin ranje sitiyasyon an. Gouvènman ayisyen an devlope yon plan rekonstriksyon pou sektè agrikòl la ki kapab koute plis pase 700 milyon dola." Misye Cohen di donatè entènasyonal yo ta dwe vini ak fon ki nesesè pou finanse egzekisyon plan sa a.

"Nan moman nou rive la a, li enpòtan pou yo chanje sistèm èd manje k ap sòti aletranje a e chache devlope e apiye agrikilti lokal la, epi sèvi ak manje kiltivatè peyi a pwodui pou alimante pwogresivman pwogram asistans la."

Daprè yon rapò Oxfam pibliye, preske 90% popilasyon riral la ann Ayiti t ap viv ak 2 dola pa jou anvan tranblemandtè 12 janvye pase a. Sabima Alkire se yon espesyalis k ap travay pou Inisyativ kont Povrete e pou Devlopman Imen, yon òganizasyon ki baze nan vil Oxford, nan La Grand Bretay. Daprè manmzèl, kòm peyi ki pi pòv sou kontinan ameriken an, Ayiti bezwen pou kominote enyènasyonal la fikse bon jan atansyon sou li. Pou Madam Alkire, si devlopman sektè agrikòl la enpòtan anpil, li enpòtan tou pou èd dijans la pa sispann anvan egzekisyon plan devlopman a lon tèm yo.

“Trè souvan, lè èd dijans la rive, se yon gwoup aktè k ap opere li. Sepandan pafwa ajans sa yo konn ale fè wout yo, alòske 6 mwa, oubyen yon lane konn pase san rejyon konsène a pa resevwa okenn lòt sipò. Se lè sa a ajans k ap fè devlopman a lon tèm yo antre, men envetisman yo konn pran jiska 2 zan pou yo bay rezilta."

Rapò Oxfam nan kritike baryè komèsyal ki an vigè nan kèk peyi kont kèk pwodui k ap sòti ann Ayiti. Daprè dokiman an, tout pwodui Ayiti ap ekspòte, san okenn limit kota, pa ta dwe peye pyès frè ladwàn.

XS
SM
MD
LG