Accessibility links

Breaking News

Eskandal nan OXFAM - Yon Anbasadè Bòn Volonte Minnie Driver Bay Demisyon Li


Actress Minnie Driver poses at the 2018 Writers Guild Awards at the Beverly Hilton on Sunday, Feb. 11, 2018, in Beverly Hills, California.
Actress Minnie Driver poses at the 2018 Writers Guild Awards at the Beverly Hilton on Sunday, Feb. 11, 2018, in Beverly Hills, California.
Yon gwo vedèt ki te travay kòm anbasadè bòn volonte pou OXFAM, Minnie Driver, se premye selebrite ki anonse li bay demisyon li akoz fason òganizasyon charite entènasyonal la jere eskandal ki gen rapò ak movèz konduit seksyèl kowoperan li yo ann Ayiti.
Madam Driver --ki te jwe nan seri televize "Good Will Hunter"- anonse l ap sispann apiye OXFAM e li pibliye yon nòt sou kont Twitter li pou l di: "Mwen santi m demoralize anpil poutèt gen fi ki te viktim abi seksyèl anba men moun ki te ale nan peyi yo pou ede yo; mwen demoralize akoz repons yon òganizasyon ki te benefisye pwomosyon mwen te fè pou li depi m te gen 9 van."
Yon logo Oxfam nan yon librèri òganizasyon an posede nan vil Glasgow, nan Peyi Lekòs. (Foto: 10 fevriye 2018 - Dosye)
Yon logo Oxfam nan yon librèri òganizasyon an posede nan vil Glasgow, nan Peyi Lekòs. (Foto: 10 fevriye 2018 - Dosye)
Oganizasyon byenfesans britanik la ap fè fas ak pwoblèm depi jounal Times, ki parèt nan vil Lond te rapòte semèn pase a ke 7 nan ansyen manm pèsonèl OXFAM ki te travay ann Ayiti ap fè fas ak akizsoyn deske yo te gen move kondwit; pa egzanp akizasyon deske yo te itilize pwostitye epi yo te telechaje pònografi sou òdinatè nan travay yo.
OXFAM di li te mennen yon ankèt sou afè a; sepandan gouvènman britanik la ak otorite ki la pou sipèvize aktivite ognanizasyon charite yo kritike OXFAM poutèt manke transparans nan fason li te jere dosye a.
XS
SM
MD
LG