Accessibility links

Breaking News

Ouvèti Premye Sesyon Nouvo Kongrè a Ozetazini


Ouvèti Premye Sesyon Nouvo Kongrè a Ozetazini
Ouvèti Premye Sesyon Nouvo Kongrè a Ozetazini

Ozetazini, nouvo kongrè a (sètadi kongrè ki te sòti nan eleksyon ki te dewoule nan kòmansman novanm 2010 la), ap fè premye sesyon li mèkredi 5 janvye a --sesyon kote Repibliken yo ap repran kontwòl chanm depite a.

Mesye dam repibliken yo deja pale pou di, youn nan pi gwo objektif yo, se eseye elimine yon lwa ki pote gwo refòm nan sistèm swen-sante a --- Prezidan Obama te pwopoze lwa sa a e kongrè a te apwouve li ane pase a.

Repibliken Eta Ohio, John Boehner -- ka p pran plas prezidan Chanm nan nan men demokrat Nancy Pelosi-- pale pou l di se yon lwa ki koute twòp lajan e ki elimine travay nan peyi a. An plis, plan repibliken yo genyen pou yo rantre lwa sou refòm nan sistèm swen-sante a, yo anonse entansyon yo pou yo redui nan depans gouvènman federal la ap fè, epi diminye kantite moun k ap travay pou leta ameriken an.

XS
SM
MD
LG