Accessibility links

Breaking News

Otowout I 95 Resi Debloke Apre Gwo Tanpèt Nèj


Chofe gade otowout I 95 kote machin ak kamyon bloke e paka avanse, 4 Janv. 2022.
Chofe gade otowout I 95 kote machin ak kamyon bloke e paka avanse, 4 Janv. 2022.

Responsab transpò piblik eta Vijini yo espere relouvri yon gwo otowout Mekredi apre plizye santen otomobilis - pami yo yon senate Ameriken te bloke sou li anba gwo fredi.

Otorite yo di peson pat blese le 6 traktè trelè te fè kolizyon anba lanèj -sepandan kolizyon sa a te bloke sikilasyon an sou otowout Interstate 95 yon otowout ki konekte eta sou kot es etazini.

Pami moun ki te bloke yo, te gen Senatè Ameriken Tim Kaine ki reprezante Vijini nan eta a e ki tap tounen Washington soti Richmond kote li abite. Vil sa a sitye a 2 zè'd tan pa wout ak kapital la.

"Sete yon eksperyans mizerab, men mwen te deside chanje atitid mwen epi fè eksperyans vwayaj mizerab sa a sounen yon pwojè sivi.

Senatè Kaine te resi rive Washington 27 hè apre li te kite kay li.

XS
SM
MD
LG