Sou kontinan ewopeyen an, otorite yo ap pran dispozisyon pou yo mete plis lajan a la dipozisyon bank ki gen pwoblèm yo –pwoblèm ki vin pi konplike akoz posiblite pou peyi Lagrès ta rive nan yon pwen kote li pa ka peye dèt li.
Chanselye alman an, Angela Merkel -lidè peyi kote ou jwenn ekonomi ki pi solid la sou kontinan an —anonse li dispoze lonje lamen bay bank ki an difikilte yo.
Daprè li, Lewòp ta dwe an mezi pou l enjekte kèk fon lajan tou nèf nan bank yo, si tout peyi konprann bank yo bezwen asistans finansye pou yo ekilibre bidjè yo akoz pèt ak defisi ki sòti nan devalyasyon bon Leta yo te achte.