Accessibility links

Breaking News

Otorite New York Elimine Restriksyon KOVID-yo pou Lekol ak Lye Divètisman


Majistra vil Nouyok la Eric Adams pale pandan yon konferans de pres nan Nouyok, Vandredi 4 Mas, 2022.
Majistra vil Nouyok la Eric Adams pale pandan yon konferans de pres nan Nouyok, Vandredi 4 Mas, 2022.

Nan vil New York, otorite yo leve obligasyon yo te fè pou moun mete yon mas nan figi yo nan lekòl piblik yo e pou yo te gen prèv vaksinasyon kòm kondisyon pou yo te antre nan yon lye divètisman kòm sinema, nan yon lye spòtif ak yon sant kiltirèl.

Majistra Eric Adams, ki pale vendredi sou afè a pandan li te sou Plas Times Square la, fè konnen, alòske pandemi KOVID-19 la poko fini nèt, li gen konfyans ke kounye a paran yo kapab voye pitit yo lekòl san mask e yo ka fè sa an tout sekirite. Wikenn pase a, majistra a te deklare li t ap anvizaje posiblite pou l leve restriksyon yo si kantite ka enfeksyon ak ospitalizasyon yo te kontinye bese.

Biznis yo toujou gen dwa deside, pou kont yo, si yo vle kontinye mete restriksyon yo an aplikasyon; men otorite yo pa p kontinye egzije yo verifye si yon kliyan gen kat vaksinasyon.

XS
SM
MD
LG