Accessibility links

Breaking News

Otorite Meksiken Mete Men sou 28 Migran nan yon Fo Anbilans

Migrants deported from the U.S. sit in an ambulance as they are driven to a shelter in Ciudad Juarez, Mexico, Tuesday, March 23, 2021. Mexico announced that U.S. advisers on border and immigration issues will meet with Mexican officials on Tuesday…

Nan peyi Meksik, otorite yo dekouvri yon seri manèv dwòl pou fasilite migran k ap soti nan rejyon Amerik Santral la pou yo eseye travèse fwontyè yo pou antre Ozetazini.

Responsab meksiken yo tonbe sou yon nouvo teknik samdi ki sot pase la a: yon fo anbilans chaje ak 28 nikaragweyen pami yo 9 timoun ki pa gen moun ki akonpaye yo.

Minis Depatman Enteryè meksiken an deklarare fo anbilans sa a te gen fo logo yon rezo lopital gouvènman an. Lapolis mete men sou machin sa a nan eta Oaxaca sou kot pasifik la .

Enstiti Nasyonal Migrasyon an presize, chofè a, ki t ap eseye fè tèt li pase pou yon travayè lasante, twouve l an detansyon.

Jeneralman, otorite yo depòte nan peyi yo migran ki twouve yo nan sitiyasyon konsa eksepte si yo viktim magouy.

Moun k ap fè trafik imigran o Meksik eseye anpil fwa fè migran yo pase nan bis oswa nan kamyon machandiz. Kamyon sa yo, byen souvan, genyen logo antrepriz tout moun konnen, yon fason pou yo eseye evite kontwòl lapolis.

XS
SM
MD
LG