Accessibility links

Breaking News

Otorite Ameriken Arete 42 Ayisyen Ki Rive Florid nan Bato


Key Biscane, Florid.
Key Biscane, Florid.

MIAMI - Otorite Ameriken arete yon gwoup migran Ayisyen Madi apremidi, apre yo rive nan sid Eta Florid nan bato.

Otorite Federal yo ak lapolis arete 42 Ayisyen tou pre Key Biscane, dapre yon mesaj Ajan Thomas Martin, ki travay pou Sevis la Dwann ak Pwoteksyon Fwontye a, pibliye sou kont Twitter li.


Responsab yo di yap mennen anket pou konnen si ensidan sa a gen rapo ak trafik moun. Yo sezi bato a.

Nouvel la vini 11 jou apre yon tranbleman te 7.2 frape rejyon sid-oues Ayiti epi touye omwens 2,200 moun. Gen 12,000 lot ki blese e 53,000 kay detwi.

XS
SM
MD
LG