Accessibility links

Breaking News

Asistans OPS ap Bay Ayiti nan Lit kont Pandemi KOVID-19 la


"Òganizasyon Pan-Amerikèn Lasante ap travay etwatman avèk otorite yo sou preparasyon pou vaksinasyon an; sa fè pati de aktivite n ap mennen an Ayiti, san bliye kominikasyon avèk piblik la pou fè pwomosyon pou vaksinasyon an.” Dr. Sylvain Aldighiery, administratè ensidan pou KOVID-19 nan OPS.

Nan jounen mèkredi 16 jen 2021 an, Òganizasyon Pan-Amerikèn Lasante (OPS), atravè yon panèl 4 ofisyèl wo-plase nan ajans medikal rejyonal la, bay yon konferans pou laprès vityèl nan katye jeneral li nan Washington D.C. kote li prezante sitiyasyon KOVID-19 la nan Amerik yo ak fason òganizasyon an ap kowopere ak diferan gouvènman pou konbat pandemi an nan diferan peyi sou kontinan an.

2 manm panèl la, Dr. Jarbas Barbosa, vis direktè Jjeneral OPS, avèk Dr. Sylvain Aldighiery, adminitratè ensidan pou KOVID-19 nan OPS, reponn kesyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te poze sou fason òganizasyon an ap kowopere ak otorite lasante yo ann Ayiti pou apiye efò k ap fèt pou konbat pandemi KOVID-19 la, sitou nan moman kote kantite ka enfeksyon yo ak kantite viktim yo pa sispann ogmante depi kèk jou deja nan peyi a. Youn apre lòt, 2 panelis yo te bay repons yo pou 3 kesyon VOA te soumèt davans sou sit entènèt òganizayon an:

1. Kijan OPS ap kore efò Ayiti ap fè pou l jere yon gwo ogmantasyon nan kantite ka enfeksyon yo?

2. Ayiti espere resevwa anvan lontan yon kagezon vaksen. Èske OPS fè pati operasyon pataj entènasyonal sa a? Si wi, èske tip asistans sa a pral kontinye nan lavni? Si non, èske OPS pral itilize resous li ak koneksyon li genyen ak lòt peyi, tankou Lèzetazini, pou pèmèt Ayiti jwenn plis vaksen?

3.Èske biwo OPS an Ayiti ap patisipe nan yon kanpay motivasyon pou fè popilasyon an pran konsyans de danje KOVID-19 poze epi ankouraje moun yo pran vaksen, puiske yon gwo pousantaj ayisyen konte sou medsin tradisyonèl pou yo pwoteje tèt yo, nan moman kantite ka enfeksyon yo ak kantite viktim yo ap miltipliye?

Repons Dr. Sylvain Aldighiery, administratè ensidan pou KOVID-19 nan OPS:

“Tout pilye repons kont KOVID-19 la fè pati travay n ap fè nan OPS. Entèvansyon nou nan peyi yo fèt o nivo nasyonal. An Ayiti nou pote yon asistans teknik dirèk bay Ministè Sante Piblik la, menm jan n ap travay ak kèk gwoup nasyonal ki aktif nan peyi a -tankou Zanmi Lasante ak Gheskio; epi nou soutni yon rezo repons entènasyonal apati de katye jeneral nou Ozetazini.

Pou kòmanse, kite m pale de kèk nan pilye sa yo epi kòlèg mwen yo va bay repons pa yo lòt aspè kesyon yo. Kite m abòde dabò sistèm siveyans la avèk asistans dirèk nou bay laboratwa nasyonal la –ki la pou fè yon travay siveyans (san bliye siveyans jenomik la) epitou gen analiz ak tèst deteksyon enfeksyon ki fèt sou echantiyan yo, sou espesimen yo nan laboratwa rejyonal de referans nou yo, sa ki pèmèt nou idantifye ki kalte varyan k ap sikile an Ayiti, tankou varyan P-1 an. Kidonk, n ap travay nan domèn siveyans la nan tou le 10 depatman jewografik peyi a kote nou fè egzamen rapid sou echantiyon ak espesimèn antijèn yo.

2èm aspè travay la mwen ta renmen mansyone, se prizanchaj ak jesyon klinik malad yo avèk yon kontwòl prevantif enfeksyon yo, an plis de yon distribisyon ekipman pou pwoteksyon pèsonèl (PPE) atravè magazen nasyonal la.

3èm bagay mwen ta renmen ensiste sou li, se kapasite pou n jere malad yo. Nou gen kèk ekip medikal ki rete an “stand-by” nan kèk peyi vwazen nan rejyon an pou sizoka otorite yo ta solisite asistans yo daprè jan sitiyasyon an ap evolye. Kidonk, OPS ap travay etwatman avèk otorite yo sou preparasyon pou vaksinasyon an; sa fè pati de aktivite n ap mennen an Ayiti, san bliye kominikasyon avèk piblik la pou fè pwomosyon pou vaksinasyon an.”

Repons Dr. Jarbas Barbosa, asistan direktè OPS:

“Sitiyasyon an an Ayiti ban nou gwo preyokipasyon, gwo kèsote. N ap ede Ayiti nan divès domèn diferan pou peyi a kapab kòmanse kanpay iminizasyon an. Ayiti se sèl peyi nan tout Amerik yo ki se manm COVAX, men ki poko kòmanse vaksinasyon an akoz divès pwoblèm diferan ki asosye ak sitiyasyon an nan peyi a. Depi okòmansman nou ede peyi a prepare dispozisyon administratif ki nesesè pou l resevwa vaksen yo. Ayiti se youn nan peyi nan Amerik Latin nan ak Karayib la k ap resevwa vaksen yo san l pa debouse 5 kòb. Men li te bezwen adopte kèk dispozisyon administratif e legal reglemantè. Tout bagay sa yo pare kounyela a.

Gouvènman ayisyen an aksepte resevwa vaksen Astra-Zenika. Alòs, Òganizasyon Pan-Amerikèn Lasante, k ap travay an kowoperasyon ak sekretarya COVAX la, fè asistans pou Ayiti tounen yon gwo priyorite dekwa pou kanpay distribisyon vaksen an kapab tanmen nan mwa jiyè a. Anvan lontan n ap gen dat la pou nou kòmanse pwosesis pataj sa a avèk gouvènman ayisyen an.

Se konsa tou, n ap travay nan lòt domèn, sou lòt fwon pou vaksen yo kapab rive ann Ayiti. N ap travay ak gouvenman ameriken an tou, paske Ayiti se youn nan peyi ki gen pou resevwa vaksen an an priyorite. Donk, se pou sa n ap travay chak jou avèk gouvènman ameriken an pou n kapab satisfè tout aspè lojistik, tout kondisyon administratif, jiridik e legal dekwapou vaksen yo rive an Ayiti le pi vit posib. Se yon bagay ki trèzenpòtan; paske, tankou Dr. Sylvain Aldighieri te di sa a, nou pral genyen yon sitiyasyon trè difisil, yon veritab defi an Ayiti. Alòs li nesesè pou n kontinye mete an aplikasyon mezi sante piblik yo; li enpòtan pou vaksen yo rive nan peyi a le pi vit posib pou kanpay vaksinasyon an kòmanse...

An plis Dr. Jarbas Barbosa ak Dr. Sylvain Aldighieri, panèl la te gen ladan l tou Dr. Carissa F. Etienne, direktris jeneral OPS, avèk Dr. Ciro Ugarte, direktè ka sante dijans nan OPS.

XS
SM
MD
LG