Accessibility links

Breaking News

Anpil sektè Ozetazini Mande Nwa Amerikèn Oprah Winfrey Poze Kandidati li pou Plas Prezidan an pou 2020


Oprah Winfrey nan okazyon 75èm edisyon annyèl Golden Globe Awards la nan Beverly Hilton Hotel nan Beverly Hills, Los Angeles, dimanch 7 janvye 2018.
Oprah Winfrey nan okazyon 75èm edisyon annyèl Golden Globe Awards la nan Beverly Hilton Hotel nan Beverly Hills, Los Angeles, dimanch 7 janvye 2018.

Fanatik Oprah Winfrey yo chaje rezo sosyal Twitter, nan jounen lendi 8 janvye 2017 la, avèk apèl e mesaj pou yo mande li poze kandidati li a la prezidans aprè li te fin fè yon diskou plen inspirasyon ki gen pou tit "yon nouvo jou" nan okazyon yon remiz pri kote patisipan yo denonse moun ki te ekspoze movez konduit seksyèl yo nan Hollywood ak lòt kote.

Yon bann ak yon pakèt twit, ki te kòmanse ak mo sa yo "#Oprahforpresident" ak "#Oprah2020", ranpli rezo sosyal yo aprè diskou Oprah te fè nan okazyon remiz Pri Golden Globes yo, kote Madam Winfrey tounen premye fanm nwa-amerikèn ki resevwa, nan sware dimanch 7 janvye a, yon Pri pou sa li akonpli pandan tout vi li, “lifetime achievement award”.

Oprah Winfrey se yon aktris, yon prodiktris film sinema ak televizyon, epi li se prezidant-direktris jeneral pwòp konpayi televizyon pa kab li, OWN. A 63 zan, li resevwa onè ak distenksyon pou travay li fè kòm yon modèl pou medam yo epi yon moun ki fè pwomosyon pou fanm yo jwe wòl ki enpòtan, ki dyanm, ki solid nan film yo e nan sosyete a. Cassy Arsenault, yon gwo pèsonalite nan mond televizyon an nan Boston, Eta Massachusetts, se otè youn nan apèl ki mande pou Oprah poze kandidati a la predidans an novanm 2020. Li fè konnen:

“Te gen tout bagay nan diskou Oprah a. Alòs, lè a rive. Oprah, poze kandidati w pou plas prezidan an.”

Charles Adler, animatè yon pwogram lib-tribin ki ranpòte yon Pri Emmy, ekri pou l di:

“Depi ane 1980, gen 3 prezidan ki merite san diskisyon etikèt “gran kominikatè” a: Reagan, Clinton ak Obama. Ebyen, OprahWinfrey se kapab 4èm nan.”

Aktyèl prezidan ameriken an, repibliken Donald Trump, te rive ranpòte eleksyon 2016 la gras an pati ak bèl repitasyon ak selebrite li te vin genyen kòm youn nan prensipal patisipan nan pwogram televize “The Apprentice.”

Nan ane resan yo Oprah Winfrey te sèvi ak pwa popilarite li pou l apiye kandida demokrat a la prezidans yo: Barack Obama an 2008 lè li tap eseye tounen premye nwa-ameriken ki monte prezidan ameriken; epi Hillary Clinton ki te an fas Donald Trump an 2016 e ki tap eseye tounen premye fi ki prezidan Ozetazini.

Oprah Winfrey ki t ap resevwa "Meday Prezidansyèl de la Libète a" (Presidential Medal of Freedom Award) nan men Prezidan Barack Obama nan yon seremoni ki te dewoule nan La Mezon Blanch nan Washington nan dat 20 novanm 2013.
Oprah Winfrey ki t ap resevwa "Meday Prezidansyèl de la Libète a" (Presidential Medal of Freedom Award) nan men Prezidan Barack Obama nan yon seremoni ki te dewoule nan La Mezon Blanch nan Washington nan dat 20 novanm 2013.

Plizyè fwa nan le pase, Madam Winfrey te di li pa enterese ale dèyè chèz boure a; pa egzanp, an oktòb 2017 la, li te bay chèn televizyon CBS yon entèvyou kote yo te mande si li ta enterese poze kandidati li an 2020. Repons li sete: “Afè de poze kandidati a la prezidans la, pap gen sa pyès pou mwen.”

Sepandan, jounal the Los Angeles Times site Stedman Graham, ki se patnè lavi Oprah Winfrey depi byen lontan, pale nan sware dimanch la pou l di: "Tout bagay depann de pèp la... Si pèp la vle, l ap aksepte je fèmen..."

XS
SM
MD
LG